• SBJ-OTROO.jpg

    Kalandriye aktivite

    Le mois dernier Octobre 2026 Le mois prochain
    D L Ma Me J V S
    week 40 1 2 3
    week 41 4 5 6 7 8 9 10
    week 42 11 12 13 14 15 16 17
    week 43 18 19 20 21 22 23 24
    week 44 25 26 27 28 29 30 31

    Aktivite kap vini

    Aucun événement

     

     

    Orijin ak Nati nou
    Gwo lide pou mete zouti sa a kanpe te jemen nan lakou Sen Jan Bosko nan lasalin lan nan mitan yon latriye jen, men batay sa a pral pran fòs aprè asasina twa jèn Gonayiv yo, 28 novanm 1985.
    Solidarite Ant Jèn (SAJ) ak Konbit Veye Yo (SAJ/VEYE YO) se 2 òganizasyon ki fonde nan dat 10 janvye ak 23 me 1986. Se 2 gwoup jèn ki te konn fonksyone nan lakou Sen Jan Bosko, Lasalin Pòtoprens, ki te pran inisyativ mete òganizasyon sa yo kanpe nan sousi pou ride diferan gwoup sosyal mennen bon jan aksyon nan tèt kole pou yo kapab chanje kondisyon lavi yo. Nan lane 1989 aprè 2 lane pratik travay ansanm, 2 estrikti sa yo deside fonn ansanm ki vin bay SAJ/VEYE YO.


    Solidarite Ant jèn Konbit Veye yo (SAJ/VEYE YO) se yon òganizasyon k ap travay ak divès gwoup sosyal nan katye popilè yo, patikilyèman Bèlè. SAJ/Veye yo bay tèt li kòm misyon: Pote kole nan batay pou tabli yon Leta ki gramoun tèt li, kote richès peyi a pataje san fòs kote. SAJ/Veye Yo pa yon òganizasyon ki chita sou la relijyon, ni li pa anba lobedyans okenn pati politik.


    Rezon ki fè nou fòme SAJ/VEYE YO
    a) Paske Ayiti gen yon sistem peze souse
    b) Paske mas popilè yo, patikilyèman jèn yo, se prensipal viktim sistem lan.
    c) Paske grenn moun pou kont li p ap janm rive nan yon solisyon konsekan.
    d) Paske nou poko janm rive gen yon bon jan tèt kole tout sektè popilè yo nan aksyon n ap mennen pou lavni n kapab garanti.
    e) Paske jèn yo, Fanm yo, Timoun yo reprezante plis pase mwatye nan popilasyon an.

    © 2015 Your Company. All Rights Reserved. Designed By JoomShaper

    HELIX_NO_MODULE_OFFCANVAS