LEKOL LAKAY
Antite sa a se youn nan premye seksyon SAJ/VEYE YO mete kanpe. Li fonde nan lane 1989. Aktivite prensipal li se travay ak timoun, sitou timoun katye Bèlè. Se yon Sant Preskolè Lekòl Lakay la ye. N ap konprann òganizasyon an byen bonè te santi nesesite travay ak Timoun yo. Lide SAJ/VEYE YO nan mete kanpe Lekòl Lakay se te pou sèvi l pòt dantre pou l te kapab pote edikasyon an ale pi lwen e pwofite tou fè lòt travay.
Nan peryòd refleksyon pou mete Lekòl la sou pye t ap fèt, SAJ/VEYE YO te bezwen yon kouvèti tou pou l fonksyone pi alèz, men se pa t sa senpman ki te gide n kòm objektif. Nou kwè fòmasyon an li dwe fèt nan baz. Ansanm brase lide sa yo te pèmèt nou debouche nan kanpe Lekòl lakay. Nou te di tou, fòk lekòl la pèmèt nou pote yon plis nan sektè a.
Pou fonksyonman LEKOL LAKAY sou plan pedagojik nou itilize metòd MONTESSORI. Chwa metòd sa a fèt paske nou kwè li pi kolte ak filozofi òganizasyon an, men tou nou panse l ap pèmèt timoun yo pi byen devlope lespri yo.
KONBIT FANM SAJ (KFS)
Li pran nesans nan lane 1988 sou non Fanm SAJ e nan lane 1992 li vin KFS (Konbit Fanm SAJ). Men, avan fanm yo te toujou konn fè akonpayman ak fanm nan katye popilè. Sitou nan peryòd Koudeta kont Prezidan Aristid nan lane 1991. SAJ/VEYE Yo kreye antite sa a pou pèmèt medam yo òganize tèt yo pi byen. Divès aktivite yo: Atelye kouti – Kou kwizin, Tranfomasyon pwodwi, Sèvis Tretè, Sant pwofesyonèl.
Sou plan politik ak sosyal, KFS travay sou kesyon vyolans fanm yo ap sibi. Akonpayman Sikososyal pou fanm viktim, prevansyon sou zafè dezas natirèl, Lwazi, elt.
KFS manm kòdinasyon Kanpay Kont Vyolans sou Fanm ak Komite Mach Mondyal. Li Tabli kontak ak medam bèlè yo pou reflechi ak yo. Sou plan ekonomik, KFS òganize SOL nan mitan manm yo, ankouraje yo kotize pou pemet anpil aktivite reyalize.
SOLTI (Solidarite Timoun)
Kreyasyon antite sa a fet nan lane 1997 (21 sektanm 1997). Aktivite sa a sòti nan refleksyon SAJ/VEYE YO sou pwoblèm timoun bèlè ak zòn ki viwonnen l. Se yon aktivite ki te kòmanse ak anpil timoun, men li vin redwi lakòz sitou sitiyasyon politik yo. Rankont yo fèt chak dimanch. Aktivite: Dans, Teyat, Espò, Klèb lekti, travay atizana, kozri sou dives tematik ki kapab kontribye nan fomasyon yo.
PARAN KORE (PAKO)
Fen 1996 pou rive kòmansman 1997 aktivite sa a t rive kanpe. Mete Paran Kore kanpe te fè swit ak ankèt nou te fè sou lekòl la, pwofil diferan paran yo te bannou lide pou n mete estrikti apwi sa a sou pye.
Lide a se te sitou parapò ak Lekòl la, kote SAJ te di li pa nòmal pou n ap travay ak timoun yo e pou n kite paran yo sou kote. Se nan objektif sa a PAKO pran nesans yon mannye pou n kapab asire fòmasyon n ap bay timoun yo nan Lekòl la jwenn bon teren pou yo kontinye jèmen lè timoun yo nan fanmi yo.
An reyalite kisa objektif la ye nan mete kanpe estrikti Paran Kore a, n ap souliye:
1- Kontinye e ranfòse travay Lekòl Lakay, rive monte yon asosyasyon Paran.
Nan travay l ap fe, PAKO dwe sèvi kom:
2- Yon espas fòmasyon pou apiye travay pwofesè Lekol Lakay yo.
Travay sa a vin pi enpòtan chak jou lè nou gade jan sosyete a ap mache jounen jodia. PAKO fè refleksyon sou divès kesyon tankou: edikasyon, vyolans nan katye yo, anviwonman (ekolojik, imèn), fè Sòl ant paran yo, aktivite rekreyasyon (rilaks rilaks). Gen aktivite FONTI kreye pou ede paran yo sere lajan.
PRE-SAJ
Li kanpe nan pespektiv pou asire relèv. Ladan l ou jwenn Timoun ki depase laj pou aktivite SOLTI yo ak lòt jen nan anviwonman Bèlè a. Ki plas jèn yo kapab genyen nan batay pou chanjman sosyal la? PRE-SAJ se zouti pou SAJ/VEYE YO asire yon relèv ki gen sans responsabilite ladan l ak koyerans nan swivi aksyon nou yo. Ladan l fòmasyon jen yo fèt sou divès tematik ki pou ranfòse vizyon yo ak konsyans fèt. Fomasyon politik ak sosyal jen yo, fomasyon pou pi byen konprann konjonkti yo ak sitiyasyon jeneral peyi a, kleb lekti, teyat,..
Kondisyon Pre-SAJ kanpe - Nan moman gwoup jèn ki te nan SOLTI e kote estrikti sa a pa t reponn pou li konsa.
Objektif:
1- Relèv, pepinyè pou pran relèv nan nivo òganizasyon an
2- Zouti òganizasyonèl pou akonpaye ak pouse konstriksyon mouvman jèn nan katye popilè yo
Objektif yo defini nan fason nou te konprann pwoblematik jenès. Wè kòman rive atravè Pre-SAJ mete kanpe yon mouvman jèn nan katye popilè bèlè.
BIKFEB
Youn nan dènye Antite ki kreye anndan SAJ/VEYE YO se BIKFEB. Li kreye 12 avril 2016 fòmèlman e lansman ofisyèl li dwe fèt nan mwa sektanm 2017. Kote lide Bibliyotèk la sòti? Gwo lide pou mete zouti sa a kanpe jèmen anndan SAJ/VEYE YO bò kote latriye jèn nou gen abitid brase lide ak yo. Òganizasyon an ap travay sou Bèlè e Bèlè se prensipal tèren batay li. Atravè divès aktivite n ap mennen sou Bèlè yo konn pran plizyè fòm e gen plizyè chimen nou kapab pase pou n rive nan bout objektif n ap rapousib. Lide Bibliyotèk la sòti nan mitan travay sa a e li reponn ak objektif SAJ/VEYE YO pou kontinye travay men nan men ak kominote Bèlè a.
Kisa BICFEB la ye ?
Se yon Bibliyotèk. Yon espas lekti, rechèch, echanj kiltirèl kote divès fòm literè ak animasyon kiltirèl kapab brase e jwenn plas yo. Se yon espas pou ede lespri kritik yo devlope ak ankouraje jèn yo aprann pwodwi. L ap pote non yon pitit Bèlè, ki viv bèlè, ki revandike estati beleryen l tout kote li pase, chak fwa li gen okazyon fè sa. Se yon moun Bèlè pa kapab wont pou l revandike l, prezante l bay jèn yo kòm youn nan modèl yo kapab swiv. Moun sa a yo rele l Franck Etienne. Konsa Bibliyotèk la gen yon ti non jwèt BICFEB (Bibliyotèk Kominotè Franck Etienne Bèlè).
Objektif Bibliyotè la :
- Fasilite aksè ak lekti ak lòt pratik literè pou popilasyon Bèlè a, patikilyèman jèn yo
- Kontribye nan devlopman aktivite liv ak lekti sou Bèlè
- Pote lòt sous pou pran konesans ak enfòmasyon nan kominote a
- Pwoteje tradisyon yo : Kont, mizik ak ide kominote a
- Ankouraje ekselans ak rechèch
- Rann omaj ak yon gwo pitit Bèlè.